BizManager
HAITI
Lojisyèl jesyon ki fèt pou biznis ayisyen. Vant, stock, kès, fakti, ak rapò, tout nan yon sèl kote, menm lè entènèt la koupe.
Pa gen bezwen kat kredi · Konfigirasyon an 2 minit
Nan fen jounen an, ou pa konnen si kòb la konplè oswa si gen yon bagay ki manke.
Ou wè kòb ap antre, men ou pa sèten si w ap fè pwofi apre tout depans yo.
Lòt sistèm bloke nèt lè koneksyon an ale. Ou pa ka vann, kliyan an ap tann.
BizManager rezoud twa pwoblèm sa yo.
Fonksyonalite
Pa gen bagay konplike. Chak fonksyonalite fèt pou reyalite biznis an Ayiti.
Vann rapid ak eskanè barcode oswa kamera telefòn ou. Resi tikè enprime sou enprimant tèmik.
Kontinye vann menm lè koneksyon an koupe. Vant yo senkronize otomatikman lè entènèt tounen.
Ouvri kès ak fon de kès, swiv kach la an dirèk, epi fèmen ak yon Rapò Z ki montre diferans lan.
Swiv stock ou, jwenn alèt lè yon pwodwi prèske fini, epi anrejistre pèt ak valè yo.
Kreye fakti ak logo ou, swiv kiyès ki dwe w, epi voye rappèl an yon klik.
Wè vant, kou pwodwi, depans, pèt, ak vrè benefis nèt ou, se pa yon chif apeprè.
Bay rabè an pousantaj oswa montan fiks, epi kreye kòd promo ak dat ak kondisyon.
Bay kesye ou aksè sèlman nan sistèm vant lan. Yo pa ka wè depans oswa chanje pri.
Sa ki fè nou diferan
Lè koneksyon an ale, ou kontinye eskane pwodwi, fè vant, epi bay kliyan resi. Lè entènèt tounen, tout bagay senkronize otomatikman, ou pa pèdi yon sèl vant.
Tarif
Kòmanse ak 14 jou gratis. Apre sa, chwazi peryòd ki bon pou ou.
Pèman ak MonCash oswa cash · Tout fonksyonalite yo enkli nan chak plan
Ki moun nou ye
BizManager pa soti nan yon biwo. Li soti nan Cadymaker Fitness, yon vrè biznis nan Gonayiv, kote nou te gen menm pwoblèm ou yo: kès ki pa balanse nan fen jounen an, entènèt ki koupe nan mitan yon vant, stock ki disparèt san esplikasyon.
Nou te chèche yon solisyon. Sa nou jwenn yo te fèt pou lòt reyalite, yo mande entènèt tout tan, yo pa an Kreyòl, epi pri yo an dola. Kidonk nou konstwi sa nou te bezwen an nou menm, epi nou teste l chak jou nan pwòp biznis nou.
Kounye a n ap pataje l ak lòt biznis ayisyen. Chak fonksyonalite nan app la soti nan yon vrè pwoblèm nou te viv.
Ekip BizManager Haiti
Gonayiv, Ayiti
FAQ
Kontak
Ou vle konnen si BizManager bon pou biznis ou? Ou bezwen yon demonstrasyon? Voye nou yon mesaj epi n ap reponn ou.
Repons rapid
N ap reponn ou nan mwens pase 24 è.
Konsèy san angajman
N ap di w onètman si app la bon pou ou.
Ekip lokal
Nou baze an Ayiti, nou konnen reyalite a.
Kreye kont ou nan de minit. Pa gen kat kredi, pa gen angajman.
Kòmanse 14 jou gratisPa gen bezwen kat kredi · Konfigirasyon an 2 minit